Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis pase sa l bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l nimm ti sa l te genyen an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.

参见章节 复制




Matye 13:12
17 交叉引用  

Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.


Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen.


Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an.


Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”


Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li.


Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.


Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri.


Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”


Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.


Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di: “Bondye opoze ak ògeye yo, men li fè moun ki enb yo gras.”


Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a.


跟着我们:

广告


广告