Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l yo pat gendwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gendwa sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?

参见章节 复制




Matye 12:4
11 交叉引用  

Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou?


Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou repo prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou repo a? Poutan yo pa koupab.


Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”


Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”


Plas adorasyon sa a te anndan yon tant. Premye pati tant lan te rele Kote ki Sen an. Nan Kote ki Sen an, te gen yon lanp ak yon tab kote yo te mete pen espesyal yo te ofri bay Bondye.


跟着我们:

广告


广告