Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 11:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: — Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?

参见章节 复制




Matye 11:7
15 交叉引用  

Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete.


Li p ap kraze menm yon pye zèb. Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri. L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.


Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a?


Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan.


Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”


Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?” Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”


Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.


Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen.


Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè.


跟着我们:

广告


广告