Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 11:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, l'ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.

参见章节 复制




Matye 11:1
19 交叉引用  

Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye.


Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi.


Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti.


Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”


Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou.


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè.


jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl.


Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.


Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo.


Ou konnen deja tout sa nou te mande w fè nan otorite Senyè Jezi.


Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.”


Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a.


Se pou w obeyi kòmandman ou te resevwa a, pou rete san tach epi san defo, jouktan jou a va rive pou Jezikris retounen.


跟着我们:

广告


广告