Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 10:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: — Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo,

参见章节 复制




Matye 10:5
27 交叉引用  

Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.


“Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali, teritwa ki chita toupre lanmè, teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an. Galile, kote anpil etranje rete:


Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri.


Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale.


Apre sa ankò, vin gen yon Samariten k ap pase. Lè l wè nonm yo te dechèpiye a, kè l fè l mal anpil pou li.


Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten.


Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi.


Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad.


Menm jan ou te voye m nan lemonn, se kon sa mwen voye yo tou.


Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, kon sa mwen menm mwen voye nou tou.”


Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.”


Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan.


Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.”


Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?”


Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”


Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”


Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.


跟着我们:

广告


广告