Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 10:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,

参见章节 复制




Matye 10:2
44 交叉引用  

Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi.


Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.


Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere.


Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye.


Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li.


Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan.


Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo.


Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye.


Se poutèt sa Bondye di nan sajès li: M ap voye pwofèt ak apot ba yo. Y ap touye kèk ladan yo epi y ap pèsekite rès yo.


Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo.


Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”


Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou. Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”


Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida.


Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.


Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi.


Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”


Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm.


Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?”


Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.


Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”


Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri li ye.”


Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.


Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di:


Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.


Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.


Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe.


Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.


Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo.


Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Ansyen an ap salye nou. M ap voye lèt sa a bay dam Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a ki renmen nou.


Se mwen menm, Ansyen an, k ap salye w, Gayis, zanmi byeneme m nan.


Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Se pou syèl la fè fèt poutèt sa! Pèp ki apa pou Bondye a ansanm ak apot yo, pwofèt yo, se pou nou fè fèt! Bondye pini l poutèt sa l te konn fè nou.”


Mwen menm se Jan. Se mwen k te tande epi ki te wè bagay sa yo. Lè m gade m wè yo, m tonbe nan pye zanj ki t ap montre yo a, pou m koube mete ajenou devan l.


跟着我们:

广告


广告