Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 10:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi.

参见章节 复制




Matye 10:1
26 交叉引用  

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.


Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo.


Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton.


Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi.


Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”


Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou.


Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo.


Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”


Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.


menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl.


Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l.


Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.


Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri li ye.”


Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”


Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?”


Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li.


跟着我们:

广告


广告