Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Men istwa branch fanmi Jezi, Mesi a. Jezi soti nan branch fanmi David ak Abraram.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.

参见章节 复制




Matye 1:1
39 交叉引用  

Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye.


Abraram se te papa Izaak. Izaak se te papa Jakòb. Jakòb se te papa Jida ak lòt frè l yo.


Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”


Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li.


Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”


L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fin i.”


Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.”


David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.


Bòn Nouvèl la konsène Jezikris, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun.


Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li.


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.


Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun.


Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò.


Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.


跟着我们:

广告


广告