Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:50 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

50 Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

50 — Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n sale l ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”

参见章节 复制




Mak 9:50
28 交叉引用  

Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.


Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?


Tout moun gen pou sale avèk dife.


Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib.


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo.


Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikris a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la.


Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.


Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye.


Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt.


Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


Kout kòlè yon nonm fè pa ka ede Bondye fè jistis li.


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


跟着我们:

广告


广告