Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:33 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”

参见章节 复制




Mak 8:33
24 交叉引用  

Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”


Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan! Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”


Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”


Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m.


Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.


Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.”


Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”


Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.


Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.


Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.


Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.


Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat.


Menm jan Kris te soufri poutèt sa moun te fè l, nou menm tou, pare pou n soufri. Paske yon moun ki aksepte soufrans nan lavi sa a fini ak peche.


Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li.


Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou!


跟着我们:

广告


广告