Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 8:31 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Apre sa, li konmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m. Men sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan pami mò yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.

参见章节 复制




Mak 8:31
27 交叉引用  

SENYÈ a menm chwazi yon gwo gwo pwason voye vin vale Jonas. Li te rete nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nuit.


Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè.


Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!


Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou.


Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.


Men, anvan sa rive, Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil move tretman. Moun alèkile yo ap rejte li.


Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?”


Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”


Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.


Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”


Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou? Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a.


Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la.


跟着我们:

广告


广告