Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 7:37 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: — Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.

参见章节 复制




Mak 7:37
16 交叉引用  

Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li.


Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.


Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”


La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.


Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi.


Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.


Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo.


Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.”


Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.”


跟着我们:

广告


广告