Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 6:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”

参见章节 复制




Mak 6:2
11 交叉引用  

Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye.


Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.


Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.


Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li.


Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.


Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”


Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”


跟着我们:

广告


广告