Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 14:69 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

69 Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

69 Menm sèvant lan wè l ankò. Li pran di moun ki te la yo: — Nonm sa a fè pati moun sa yo wi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”

参见章节 复制




Mak 14:69
7 交叉引用  

Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”


Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se kon sa yon kòk vin chante.


Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”


Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.” Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”


Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?” Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”


Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”


Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.


跟着我们:

广告


广告