Li lage kò l sou kabann kote rèn Estè te ye a pou l mande l gen pitye pou li. Nan menm moman sa a, wa a soti nan jaden an epi li retounen nan sal la. Lè li wè Aman bò kote rèn nan, li rele byen fò: “Apa ou vin fè vyolans sou rèn nan, la nan palè a, la devan je m?” Kon wa a fin di sa, sèvitè l yo antre, yo pran Aman epi yo mete yon sak nan tèt li.