Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 14:58 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

58 “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

58 — Nou te tande l di: M'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

58 “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’”

参见章节 复制




Mak 14:58
11 交叉引用  

epi yo di: “Misye te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”


Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di:


Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.


Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la?


Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”


Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a:


Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan.


Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a.


Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.


跟着我们:

广告


广告