Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 14:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Li di: “Abba, O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Li t'ap di: — O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

参见章节 复制




Mak 14:36
22 交叉引用  

Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.”


Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”


Men kijan ou dwe priye: Papa nou ki nan syèl la, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.


Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”


Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m.


Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan?


Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini.


Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans Papa a ban mwen an?”


Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a.


Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.


Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba, Papa.”


Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye, li obeyi Bondye jouk nan lanmò li. Se pa nenpòt kalite lanmò, men se te lanmò sou yon kwa.


Si nou pa fidèl, li menm, l ap toujou rete fidèl, paske li pa kapab nye pwòp tèt li.


Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti.


De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou.


跟着我们:

广告


广告