Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 13:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 M'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.

参见章节 复制




Mak 13:27
27 交叉引用  

Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”


Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an.


Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo.


Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.


Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.


Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive.


Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram, pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li.


Moun Bondye chwazi yo ap priye l lajounen kou lannuit. L ap toujou ba yo sa ki bon. Li p ap pran anpil tan pou l reponn yo.


Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.


Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.


Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li.


Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.


Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a.


Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.


Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.


跟着我们:

广告


广告