Mak 12:28 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil28 Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?” 参见章节1998 Haïtienne28 Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l, li mande li: — Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an? 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?” 参见章节 |
Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a.