Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 10:32 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil. Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.

参见章节 复制




Mak 10:32
12 交叉引用  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.


Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a.


Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm.


Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm.


Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”


Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”


跟着我们:

广告


广告