Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 10:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Jezi di li: — Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.

参见章节 复制




Mak 10:18
14 交叉引用  

Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”


Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”


Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.”


Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon.


Yo tout vire do kite l, yo tout pran move chemen. Pa gen youn ki fè sa ki byen pa menm yon sèl.”


Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.


Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.


Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.


跟着我们:

广告


广告