Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 7:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”

参见章节 复制




Lik 7:8
12 交叉引用  

Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri.


Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”


Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.”


Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa.


Klod Lizyas, voye bonjou pou chèf li gouvènè Feliks.


Sòlda yo te fè egzakteman sa kòmandan an te pase yo lòd fè a. Yo pran Pòl, epi nan lannuit lan menm, yo mennen l nan lavil Antipatris.


Feliks bay ofisye ki te responsab Pòl la lòd pou l pa lage Pòl, men pou l ba l yon ti libète pou pèmèt zanmi l yo vin pote sa l te bezwen pou li.


Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza.


Nou menm sèvitè ak sèvant yo, fè sa mèt nou gen sou latè yo mande nou fè. Se pa sèlman lè yo la pou n ap chache aji kon sa pou n fè yo plezi, men fè sa ak yon kè sensè, ak krentif pou Senyè a.


跟着我们:

广告


广告