Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 5:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Simon reponn li: — Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”

参见章节 复制




Lik 5:5
14 交叉引用  

Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.”


Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.” Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal.


Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?” Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”


Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant. Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di.


Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”


Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè.


Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”


Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.” Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.


跟着我们:

广告


广告