Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 4:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.

参见章节 复制




Lik 4:5
11 交叉引用  

Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.


Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo.


Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme.


Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se kon sa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.


Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.


跟着我们:

广告


广告