Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fin i, li te vin grangou anpil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.

参见章节 复制




Lik 4:2
16 交叉引用  

“Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.”


Apre sa, wa a ansanm ak tout lòt gwo chèf ki nan vil Niniv la ekri yon kominike, yo voye l nan tout peyi a. Yo pase lòd sa pou tout moun respekte: “Se pou okenn moun ni okenn bèt vivan tankou bèf, kabrit ak mouton pa ni manje ni bwè.


Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou.


Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou.


Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”


Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa.


Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


跟着我们:

广告


广告