Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

参见章节 复制




Lik 2:7
16 交叉引用  

Malgre sa, li te tann jouktan pitit la fèt anvan l te antre nan zafè sèks ak Mari. Li rele pitit ki te fèt la Jezi.


Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye?


Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”


Li pwoche kote li. Li vide lwil doliv ak diven sou kote li blese yo pou netwaye yo, epi li vlope yo ak twal. Apre sa, Samariten an ki te gen yon bourik, chaje nonm nan mete sou bourik la. Li mennen l nan yon otèl pou ba li plis swen.


Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche.


Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo.


Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a.


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


跟着我们:

广告


广告