Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David,

参见章节 复制




Lik 2:4
24 交叉引用  

Men pandan Jozèf t ap reflechi sou sa k pase a, yon anj Senyè a parèt devan l nan yon rèv. Men sa anj lan te di l: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou, paske pitit ki nan vant li a, se travay Sentespri a.


Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”


Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an.


Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent.


Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou repo a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a.


Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”


Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.”


Konsa, Nawomi ak Rit te vwayaje jouk yo rive lavil Bètleyèm. Lè yo rive Bètleyèm, moun nan vil la te kòmanse ap pale sou yo. Medam yo t ap di byen fò: “Mezanmi, èske se Nawomi toutbonvre!”


Pandan Rit nan jaden an, Bowaz te vin sòti lavil Bètleyèm epi li salye tout travayè l yo, li di yo “SENYÈ a beni nou!” Epi travayè yo reponn li, “SENYÈ a beni w!”


Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou.


Medam zanmi Nawomi yo bay ti gason an non. Yo di, “Kounye a SENYÈ a bay Nawomi yon pitit gason.” Yo te rele pitit la Obèd. Se Obèd ki te vin papa Jese et Jese limenm te papa David.


跟着我们:

广告


广告