Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.

参见章节 复制




Lik 2:10
30 交叉引用  

Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”


Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a.


Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a,


Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”


Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la.


Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan.


Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a.


Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras.


Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.


Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, kon sa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon.


Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou.


Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.


Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


跟着我们:

广告


广告