Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nan menm peryòd sa a, Seza Ogis ki te wa nan lavil Wòm te pase lòd pou yo fè yon gran resansman nan tout peyi ki fè pati teritwa li t ap dirije a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.

参见章节 复制




Lik 2:1
13 交叉引用  

Wa Asyeris pase lòd pou tout moun nan wayòm li a peye taks. Menm moun ki te rete bò lanmè byen lwen yo te dwe peye taks tou.


Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”


Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.


An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”


Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la.


Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an.


Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent.


Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye, Pons Pilat te gouvènè nan Jide; Ewòd t ap dirije rejyon Galile; Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit; Lizanyas t ap dirije Abilèn;


Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè).


Si m te fè yon bagay ki kont lalwa, ki fè m merite lanmò, m dakò pou m mouri. Men tou, si akizasyon y ap pote kont mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men moun sa yo. Okontrè menm, m mande pou Seza tande koz mwen.”


Men Pòl mande pou l konparèt devan Anperè a pito. Konsa, m pase lòd pou l rete nan prizon isit la Sezare jouktan m jwenn okazyon pou m voye l bay Seza nan lavil Wòm.”


Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa.


Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.


跟着我们:

广告


广告