Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 17:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Jezi di disip li yo: — Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive!

参见章节 复制




Lik 17:1
14 交叉引用  

Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan! Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”


Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.


Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”


Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal.


M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.


Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo.


Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.


Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl.


跟着我们:

广告


广告