Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 16:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Jeran an di nan kè l: Patwon an pral kase m nan djòb sa a. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pa gen fòs pou mal travay latè. Epi se va yon wont pou mal mande charite!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.

参见章节 复制




Lik 16:3
26 交叉引用  

Lè Aman rantre, wa a mande l: “Kisa w panse ki ta apwopriye pou wa a ta fè pou yon nonm li vle onore?” Tousuit, Aman fè lide sa a: “Se de mwen menm menm wa a ap pale! Epi ki lòt moun wa a ta gen nan lide l pou l onore?”


Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.


Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la.


Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo?


Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.


Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng.


Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram, pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li.


M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.


Pandan yon bon tan, jij la te refize bay vèv la jistis. Men apre sa, jij la di nan kè l: Se vre mwen pa respekte ni Bondye ni lèzòm,


Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?”


Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite.


Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”


Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo.


跟着我们:

广告


广告