Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 13:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Lè Jezi wè l, li rele l, li di li: — Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”.

参见章节 复制




Lik 13:12
9 交叉引用  

Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo.


Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat.


Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye.


Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou repo a?”


跟着我们:

广告


广告