Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 12:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble. Te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: — Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.

参见章节 复制




Lik 12:1
18 交叉引用  

Malè pou nou, paske nou tankou yon bann tonm ki pa make. Moun ap mache sou nou san yo pa konnen kijan nou malouk anndan nou.”


Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a?


Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a.


Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo.


Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon,


Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou.


Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la.


Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay.


跟着我们:

广告


广告