Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 — Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou.

参见章节 复制




Lik 11:9
40 交叉引用  

Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”


Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?” Yo reponn li: “Pi gran an!” Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a.


M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo.


Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li.


Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”


Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l.


Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Bondye di: “Nan pi bon moman an, mwen te tande w nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.” Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.


Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.


Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.


Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.


Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou.


跟着我们:

广告


广告