Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Jezi di yo: “Lè n ap priye se pou nou di: Papa, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen. Vin etabli wayòm ou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Jezi di yo: — Lè n'ap lapriyè, men sa pou n di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. Vin tabli gouvènman ou lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.

参见章节 复制




Lik 11:2
45 交叉引用  

Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen.


Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.


Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.”


Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.


Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba, Papa.”


Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!


Se pou gras ak lapè Bondye Papa nou, ansanm ak Senyè Jezikris, rete avèk nou!


Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle.


Se pou Bondye Papa a ak Senyè Jezikris ban nou gras ak kè poze.


Se pou Bondye Papa nou ak Jezikris, Senyè nou an ban nou benediksyon ak lapè.


N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!


M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze.


Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a. Gras ak lapè Bondye avèk nou!


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di: “Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a, l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Apre sa, m tande yon bri, tankou yon foul moun ki t ap fè anpil bri. Sa m tande a, se te menm jan ak gwo lanm lanmè oubyen bri yon bann gwo kout loray. Foul la t ap di: “Fè lwanj pou Senyè a! Senyè Bondye nou an ki gen tout pouvwa, se li k ap gouvène kounye a.


Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an.


跟着我们:

广告


广告