Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 10:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Rete nan kay sa a. Manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

参见章节 复制




Lik 10:7
18 交叉引用  

Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan.


Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou.


Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase.


Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.


Chèf prizon an fè Pòl ak Silas monte lakay li, li ba yo manje. Tout moun nan kay la te kontan anpil dèske yo te kwè nan Bondye kounye a.


Men, lè Pòl ak Silas soti nan prizon an, y ale tou dwat lakay Lidi. Yo wè kèk nan kwayan yo lakay Lidi a. Yo ankouraje kwayan yo, apre sa yo kite vil la.


Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.


Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte.


Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la.


跟着我们:

广告


广告