Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 10:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, Senyè a chwazi swasanndis lòt disip. Li voye yo devan l de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l ale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.

参见章节 复制




Lik 10:1
14 交叉引用  

Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.


Kanta pou ou menm, ti gason, y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la. Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.


Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.”


Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”


Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi.


跟着我们:

广告


广告