Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.

参见章节 复制




Lik 1:6
33 交叉引用  

Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.


Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.


Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Men sa wa David te ekri konsènan Jezi: Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen, paske li te toujou bò kote m pou asire sekirite m.


Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.”


Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.


Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye.


Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.


Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa.


Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye.


Si nou konnen Pitit la dwat, konnen tou, moun ki toujou fè sa ki byen, se pitit Bondye.


Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.


Pitit mwen yo, pa kite pyès moun twonpe nou, sila a k ap fè sa ki dwat, li menm tou, li dwat menm jan Pitit la dwat.


跟着我们:

广告


广告