Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an.

参见章节 复制




Lik 1:41
15 交叉引用  

Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.


Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt.


Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou.


Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan.


Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:


Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a.


Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.


Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la.


Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a.


Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a.


Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.”


Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay kon sa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito.


Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt.


跟着我们:

广告


广告