Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Kounyeya, mwen kwè se yon bon bagay pou m ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile.

参见章节 复制




Lik 1:3
17 交叉引用  

Chè Teofil, Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris.


Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman,


Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa:


Kidonk, m panse nou pa fèt pou n konplike bagay yo pou moun lòt nasyon yo, lè yo tounen vin jwenn Bondye.


Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl.


Nou konprann se ve Sentespri a, epi se ve pa nou tou, pou nou pa mete okenn lòt fado sou do nou, eksepte sa k vrèman nesesè.


Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo.


Klod Lizyas, voye bonjou pou chèf li gouvènè Feliks.


Ak tout kè nou, nou vle di w mèsi anpil, ekselans Festis, pou tout bagay sa yo n ap resevwa depi lontan ak tout kote.


Pòl reponn, “Onorab Festis, mwen pa fou. Sa m ap di la se verite a. Se pawòl bon sans m ap pale.


Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite.


Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


跟着我们:

广告


广告