Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Yo rakonte nou yo jan yo te wè yo ak pwòp je pa yo depi nan kòmansman. Moun sa yo vin tounen sèvitè pawòl Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.

参见章节 复制




Lik 1:2
25 交叉引用  

Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris, Pitit Bondye a.


Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.


Moun ka simen grenn nan se pawòl la l ap simen.


Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.


Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa. Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou.


Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou.


Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”


Pandan yo te la, yo preche mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nan vil Pèj epi yo desann Atali.


Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a.


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Kounye a, leve kampe! Mwen chwazi w pou sèvi m. Ou ap sèvi m temwen pou w pale ak moun de mwen, pou w pale sou sa ou wè jodi a ak sa m va montre w ankò. Se pou tèt sa m chwazi w.


Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.”


Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.


li fè m vin sèvitè Jezikris pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.


Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


跟着我们:

广告


广告