Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jonas 1:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Lè sa a, maren yo priye SENYÈ a konsa: “SENYÈ, tanpri, pa ban nou pote chay lanmò yon nonm inosan. Tanpri, pa touye nou poutèt lanmò nonm sa a. Nou konnen ou se SENYÈ ki fè sa ou vle.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè yo wè sa, yo rele nan pye Senyè a, yo lapriyè li konsa: — O Senyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò misye. Ou wè nou inosan. Paske se ou menm, Senyè, ki vle li konsa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.”

参见章节 复制




Jonas 1:14
15 交叉引用  

Olye yo fè sa Jonas te di a, yo te pito eseye ap fè lòt mannèv pou mennen bato a atè. Tanpèt la te kontinye vin pi fò. Epi lanmè a te vin pi move.


Lè maren yo wè sa k te rive a, yo te vin gen krentif ak anpil respè pou SENYÈ a. Yo ofri yon sakrifis epi yo fè SENYÈ a plizyè pwomès.


Maren yo te pè anpil. Konsa, chak moun t ap rele pwòp dye pa yo pou pote yo sekou. Pou anpeche bato a koule, yo jete chay yo nan lanmè pou fè l pi lejè. Pandan tan sa a, Jonas menm desann nan kal batiman an, li kouche epi dòmi pran l.


Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo.


Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.


Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”


Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.


Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa.


跟着我们:

广告


广告