Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jid 1:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Senyè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

参见章节 复制




Jid 1:25
32 交叉引用  

Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.


Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo.


Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè?


Wi, ala gran richès Bondye yo gran! Sajès li ak konesans li san limit! Pèsòn pa ka eksplike desizyon Bondye yo. Pèsòn pa ka konprann sa l ap fè.


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.


Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann.


Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.


Tout glwa se pou Bondye, nan legliz ak nan Jezikris, pou tout tan. Amèn.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.


Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou bonte l ak lanmou l pou tout moun,


Menm Jezikris ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告