Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jid 1:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 L'ap jije tout moun. L'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move pawòl yo te di sou li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kont Li.”

参见章节 复制




Jid 1:15
35 交叉引用  

Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan.


Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.”


Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la.


Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.


Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon.


Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.” Amèn! Vini non, Senyè Jezi!


跟着我们:

广告


广告