Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jid 1:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen, menm wout ak Balam, y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore te fè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Malè pou yo! Y'ap fè menm wout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. Y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.

参见章节 复制




Jid 1:11
21 交叉引用  

Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje.


Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale.


Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal.


Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.


Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.


跟着我们:

广告


广告