Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 9:39 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 Lè sa a, Jezi di: — Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”

参见章节 复制




Jan 9:39
34 交叉引用  

Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la.


Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”


Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.


L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò. L ap gide nou nan chemen lapè a.”


Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”


Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l.


“Lespri Senyè a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la. Li voye m vin di prizonye yo, yo libere, pou m di avèg yo yo kapab wè ankò. Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.


Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò.


Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.


Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn.


Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal.


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn.


Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.”


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a?


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove.


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.


跟着我们:

广告


广告