Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 9:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: — Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”

参见章节 复制




Jan 9:24
22 交叉引用  

Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch.


Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”


Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”


Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”


Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen.


Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye.


Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”


Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.


Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.


Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m?


Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m.


Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.


Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.”


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告