Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 9:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: — Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: — Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.

参见章节 复制




Jan 9:16
18 交叉引用  

Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”


Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou repo a.”


Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou repo a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou repo a.”


Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di.


Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.


Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”


Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre.


Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”


Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.”


Konsa, nou travay nan jou repo a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou repo a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou repo a?


Konsa tout moun pa te gen menm opinyon sou Jezi.


Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”


Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.


跟着我们:

广告


广告