Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y'al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sa k te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.

参见章节 复制




Jan 8:9
22 交叉引用  

Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.


Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?”


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.


Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun.


Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a.


Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.


Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo.


Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.


跟着我们:

广告


广告