Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 8:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li konmanse ekri atè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.

参见章节 复制




Jan 8:6
27 交叉引用  

Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon.


Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”


Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.


Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”


Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj?


Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a:


Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi. Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”


Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès.


Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.”


Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l.


Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.


Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”


Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.


Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.


Pa tante Kris menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri.


跟着我们:

广告


广告